25
Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. Pandan Egz 23:10-11 sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, men pandan Lev 25:20 setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba. Konsa, Lev 25:20-21 nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo. Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.
“ ‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane. Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan Lev 23:27 dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a. 10 Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e Jr 34:8-15-17 pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou. 11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo. 12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.
13  Lev 25:10 “ ‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou.
14 “ ‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, Lev 25:17 nou pa pou fè tò a youn lòt. 15 Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete. 16  Lev 25:27-52 Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an. 17 Konsa, Jr 7:5-6 pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
18 “ ‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou Lev 26:5 nou kapab viv an sekirite sou tè a.
19 “ ‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’ ”
20 “Men si nou ta di: Lev 25:4 ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p semen, ni rasanble pwodwi nou;’ 21 alò, Det 28:8 Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan. 22 Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje Lev 26:10 ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.
23 “Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske Egz 19:5 tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M. 24 Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.
25  Rt 2:20 “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan. 26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an, 27  Lev 25:16 alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp teren pa l. 28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.
29 “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan. 30 Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a. 31 Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a.
32 “Men nan Nonb 35:1-8 vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo. 33 Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo. 34 Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan.
35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi. 38  Lev 11:45Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an Jen 17:7pou M kapab Bondye nou.
39  Egz 21:2-6 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. 40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm Egz 21:2 kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. 41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan teren zansèt li yo. 42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la. 43  Egz 34:4 Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.
44 “Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo. 45 Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou. 46 Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Lev 25:43 Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.
47 “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje, 48 alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an, 49 oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa Lev 25:26-27 si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li. 50 Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li. 51 Si gen toujou anpil ane, Lev 25:16 li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li. 52 Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an. 53 Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Lev 25:43 Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.
54 “Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, Lev 25:10-28 li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l. 55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.

25:3 Egz 23:10-11

25:4 Lev 25:20

25:6 Lev 25:20-21

25:9 Lev 23:27

25:10 Jr 34:8-15-17

25:13 Lev 25:10

25:14 Lev 25:17

25:16 Lev 25:27-52

25:17 Jr 7:5-6

25:18 Lev 26:5

25:20 Lev 25:4

25:21 Det 28:8

25:22 Lev 26:10

25:23 Egz 19:5

25:25 Rt 2:20

25:27 Lev 25:16

25:32 Nonb 35:1-8

25:38 Lev 11:45

25:38 Jen 17:7

25:39 Egz 21:2-6

25:40 Egz 21:2

25:43 Egz 34:4

25:46 Lev 25:43

25:49 Lev 25:26-27

25:51 Lev 25:16

25:53 Lev 25:43

25:54 Lev 25:10-28