21
Alò, sa yo se Egz 24:3,4 règleman ke ou va mete devan yo:
Si ou achte yon Lev 25:39-43 esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè. Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l. Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl.
Men Det 15:16,17 si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,” alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.
Né 5:5Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage Egz 21:2,3tankou yo kòn fè ak esklav mal yo. Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis. Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo. 10 Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa I Kor 7:3,5 konjigal li. 11 Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan.
12  Lev 24:17 Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò. 13  Nonb 35:10-34 Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale. 14  Det 19:11,12 Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.
15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
16  Det 24:7 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
17  Lev 20:9 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
18 Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li, 19 si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt.
20 Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini. 21 Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se Lev 25:44-46 pwòp byen li ke li ye.
22 Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va Egz 21:30 peye li selon desizyon jij yo. 23 Men si gen plis mal ki fèt, Lev 24:19 alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi, 24  Lev 24:20 zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye, 25 brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
26 Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a. 27 Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.
28 Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, Jen 9:5 bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini. 29 Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò. 30 Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l, 31 Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la. 32 Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li Za 11:12 trant sik lajan, e bèf la va lapide.
33 Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann, 34 mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri a va vin pou li.
35 Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an. 36 Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.

21:1 Egz 24:3,4

21:2 Lev 25:39-43

21:5 Det 15:16,17

21:7 Né 5:5

21:7 Egz 21:2,3

21:10 I Kor 7:3,5

21:12 Lev 24:17

21:13 Nonb 35:10-34

21:14 Det 19:11,12

21:16 Det 24:7

21:17 Lev 20:9

21:21 Lev 25:44-46

21:22 Egz 21:30

21:23 Lev 24:19

21:24 Lev 24:20

21:28 Jen 9:5

21:32 Za 11:12