5
Alò, te gen yon gwo kriye a moun sa yo avèk madanm pa yo Lev 25:35 kont frè Jwif parèy yo. Paske te gen nan yo ki te di: “Nou menm, fis nou yo avèk fi nou yo anpil; pou sa, kite nou Ag 1:6jwenn sereyal pou nou kab manje e viv.” Te gen lòt ki te di: “Nou ap prete kòb kont chan nou yo, chan rezen yo, avèk kay nou yo pou nou kab twouve sereyal pou nou manje akoz gwo grangou a.” Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo Esd 4:13 pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo. Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, Lev 25:39 nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.”
Epi mwen te byen Egz 11:8 fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo. Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: Lev 25:36“Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo. Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale. Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo? 10 Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a. 11 Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”
12 Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.”
Konsa, mwen te rele prèt yo e te Esd 10:5 pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo. 13  Trav 18:6 Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa se lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.”
Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.
14 Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan Né 13:5 trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a. 15  Né 5:9 Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye. 16 Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn teren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la. 17 Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo. 18 Alò, I Wa 4:22-23 sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a. 19  Né 13:14-23 Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.

5:1 Lev 25:35

5:2 Ag 1:6

5:4 Esd 4:13

5:5 Lev 25:39

5:6 Egz 11:8

5:7 Lev 25:36

5:12 Esd 10:5

5:13 Trav 18:6

5:14 Né 13:5

5:15 Né 5:9

5:18 I Wa 4:22-23

5:19 Né 13:14-23