4
Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke Esd 1:11 moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a II Wa 19:37 Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: Né 2:20 “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, Esd 1:1,2kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
Konsa, Esd 3:3 pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a. Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la. Alò nan règn Est 1:1 Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre II Wa 18:26 nan lang Amareyen. Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak Esd 5:6 gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, 10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an. Esd 4:11-17
11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a:
 
“A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.
12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e Esd 5:3-9 ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo. 13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo Esd 4:20 p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a. 14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a, 15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa. 16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”
 
17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an:
 
Lapè.
 
18 Dokiman ke nou te voye bannou an te Né 8:8 tradwi ak li devan m. 19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann, 20  I Wa 4:21 ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm. 21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm. 22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?
 
23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam. 24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.

4:1 Esd 1:11

4:2 II Wa 19:37

4:3 Né 2:20

4:3 Esd 1:1,2

4:4 Esd 3:3

4:6 Est 1:1

4:7 II Wa 18:26

4:9 Esd 5:6

4:10 Esd 4:11-17

4:12 Esd 5:3-9

4:13 Esd 4:20

4:18 Né 8:8

4:20 I Wa 4:21