2
Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa. Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Pwov 15:13 Sa pa mwens ke tristès kè.”
Konsa, mwen te krent anpil. Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris Né 1:3 lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Né 1:4
Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la. Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”
Né 13:6 Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?”
Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis. Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen Esd 7:21 pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladann yo jiskaske mwen rive Juda; anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a Né 7:2 fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.”
Wa a te ban m tout sa akoz Esd 7:6bon men Bondye mwen an te sou mwen. Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, Esd 8:22 wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo. 10  Né 2:19 Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.
11 Konsa, mwen te Egz 8:32 vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou. 12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. 13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Né 3:13 Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. 14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk II Wa 20:20 Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. 15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa Jn 18:1 ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. 16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.
17 Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Né 1:3 Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” 18 Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo.
Yo te di: “Annou leve pou bati.” II Sam 2:7Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.
19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Né 6:6 Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Esd 4:3 Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”

2:2 Pwov 15:13

2:3 Né 1:3

2:4 Né 1:4

2:6 Né 13:6

2:7 Esd 7:21

2:8 Né 7:2

2:8 Esd 7:6

2:9 Esd 8:22

2:10 Né 2:19

2:11 Egz 8:32

2:13 Né 3:13

2:14 II Wa 20:20

2:15 Jn 18:1

2:17 Né 1:3

2:18 II Sam 2:7

2:19 Né 6:6

2:20 Esd 4:3