6
Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; Né 3:1-3 malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo, Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn I Kwo 8:12 Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an. Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l. Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke Né 2:19 ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo. Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap Job 13:4 envante yo nan pwòp panse ou.” Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, Sòm 138:3 O Bondye ranfòse men m.
10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, Jr 36:5 ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit la pou touye ou.”
11 Men mwen te di: Pwov 28:1 “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” 12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. 13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; Né 6:6 pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen. 14  Né 13:29 Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
15 Konsa, Né 4:1-2 miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou. 16 Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske Egz 14:25 yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an. 17 Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo. 18 Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a. 19 Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.

6:1 Né 3:1-3

6:2 I Kwo 8:12

6:6 Né 2:19

6:8 Job 13:4

6:9 Sòm 138:3

6:10 Jr 36:5

6:11 Pwov 28:1

6:13 Né 6:6

6:14 Né 13:29

6:15 Né 4:1-2

6:16 Egz 14:25