13
Job 12:9“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
Job 12:3Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
 
“Men Job 13:22mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
Men nou Sòm 119:69sal moun ak manti.
Se yon bann Jr 23:32doktè sanzave nou ye.
Oswa pito ke ou ta Job 13:13rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
Èske ou kab Job 27:4pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
Èske ou va Lev 19:5pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa Job 12:16èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 Anverite, Li va repwoche ou
si ou apye yon bò ak patripri.
11 Èske Job 31:23majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
 
13  Job 13:5“Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e Sòm 119:109mete lavi m nan men m?
15  Job 7:6Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va Job 27:5fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 Se sa, anplis, ki va Job 23:7delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke Job 9:21mwen va jistifye.
19  És 50:8Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
 
20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21  Job 9:34Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Epi rele e Job 9:16mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23  Job 7:21Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Poukisa Ou Sòm 13:1kache figi Ou e
konsidere m kon Lam 2:5lènmi Ou?
25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè Lev 26:36 pay van an seche a.
26 Paske Ou ekri Job 9:18 bagay anmè kont mwen
e Sòm 25:7fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 Ou Job 33:11mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 pandan mwen ap dekonpoze
kon yon Job 2:7bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”
 

13:1 Job 12:9

13:2 Job 12:3

13:3 Job 13:22

13:4 Sòm 119:69

13:4 Jr 23:32

13:5 Job 13:13

13:7 Job 27:4

13:8 Lev 19:5

13:9 Job 12:16

13:11 Job 31:23

13:13 Job 13:5

13:14 Sòm 119:109

13:15 Job 7:6

13:15 Job 27:5

13:16 Job 23:7

13:18 Job 9:21

13:19 És 50:8

13:21 Job 9:34

13:22 Job 9:16

13:23 Job 7:21

13:24 Sòm 13:1

13:24 Lam 2:5

13:25 Lev 26:36

13:26 Job 9:18

13:26 Sòm 25:7

13:27 Job 33:11

13:28 Job 2:7