9
Konsa, Job te reponn. Li te di:
“Anverite, mwen konnen sa se vrè;
alò, kijan yon Job 4:17nonm kapab genyen dwa
devan Bondye?
Si yon moun te vle Job 10:2diskite avèk Li,
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn II Kwo 13:2reziste ak Li san donmaj?
Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,
lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
Li És 2:19souke latè sòti nan plas li,
e fè Sòm 75:3pilye fondasyon li yo tranble.
Li kòmande És 13:10solèy la pou l pa klere
e ki mete yon so sou zetwal yo.
Se Li menm sèl ki Sòm 104:2rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
Li sèl ki fè sou syèl la Job 38:31-32 gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Li menm ki Job 5:9fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, Job 23:8-9mwen pa t ap wè L.
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 Gade byen, Li rache retire,
se kilès ki ka anpeche L?
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
 
13 “Bondye p ap detounen kòlè Li.
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a És 30:7Rahab yo.
14 Kijan Job 9:3-32mwen kab reponn Li,
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Paske malgre mwen te gen rezon,
mwen pa t kab reponn.
Mwen ta oblije Job 8:5mande gras a Jij mwen an.
16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 Paske Li fin Job 16:12-14brize m nèt ak yon tanpèt,
e ogmante blese mwen yo san koz.
18 Li Job 7:19pa lèse m pran souf,
men fè m debòde ak Job 13:26sa ki anmè.
19 Men Job 9:4pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye
pwosè vèbal bay Li menm?
20 Malgre mwen dwat, Job 9:29bouch mwen ap kondane m;
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;
mwen Job 7:16rayi lavi m.
 
22 “Tout se menm bagay.
Akoz sa mwen di Job 10:7-8 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 Si frèt la vin touye sibitman,
l ap Job 24:12moke dezolasyon inosan an.
24 Ak lemonn nan Job 10:3 ki sede nan men a mechan yo,
Li fin Job 12:17kouvri figi a jij latè yo.
Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
 
25 “Alò, Job 7:6jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan És 18:2wozo,
tankou yon Hab 1:8èg ki vole plonje sou viktim li.
27 Malgre mwen di ke m va bliye Job 7:11plent mwen,
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 mwen krent tout doulè mwen yo.
Mwen konnen ke Job 7:21Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 Mwen gen tan fin jije Job 10:2koupab.
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 Si m ta Jr 2:22lave m nèt ak lanèj,
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 Paske Ekl 6:10Li pa yon nonm kon mwen, Wo 9:20 pou m ta reponn Li,
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 Nanpwen moun ki pou Job 9:19fè antant antre nou,
ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Kite Li Job 13:21 retire baton Li sou mwen,
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Konsa, mwen Job 13:22ta pale san fè laperèz devan L;
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
 

9:2 Job 4:17

9:3 Job 10:2

9:4 II Kwo 13:2

9:6 És 2:19

9:6 Sòm 75:3

9:7 És 13:10

9:8 Sòm 104:2

9:9 Job 38:31-32

9:10 Job 5:9

9:11 Job 23:8-9

9:13 És 30:7

9:14 Job 9:3-32

9:15 Job 8:5

9:17 Job 16:12-14

9:18 Job 7:19

9:18 Job 13:26

9:19 Job 9:4

9:20 Job 9:29

9:21 Job 7:16

9:22 Job 10:7-8

9:23 Job 24:12

9:24 Job 10:3

9:24 Job 12:17

9:25 Job 7:6

9:26 És 18:2

9:26 Hab 1:8

9:27 Job 7:11

9:28 Job 7:21

9:29 Job 10:2

9:30 Jr 2:22

9:32 Ekl 6:10

9:32 Wo 9:20

9:33 Job 9:19

9:34 Job 13:21

9:35 Job 13:22