4
Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se Job 32:18-20kilès ki kab refize pale?
Gade byen, Job 4:3-4ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou Job 6:4pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
Èske se pa Job 1:1lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
 
“Sonje byen Job 36:6-7se kilès ki kon peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
Selon sa ke mwen menm te wè, Os 10:13 sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
És 11:4Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10  Job 5:15Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11  Job 29:17Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
 
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon Job 26:14ti souf li.
13 Pami Job 33:15refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Èske Job 9:2lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Menm nan sèvitè Li yo, Job 15:15Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon Jen 2:7fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20  Job 14:2Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Èske Job 8:22kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?
Yo mouri konsa, san sajès.'

4:2 Job 32:18-20

4:3 Job 4:3-4

4:5 Job 6:4

4:6 Job 1:1

4:7 Job 36:6-7

4:8 Os 10:13

4:9 És 11:4

4:10 Job 5:15

4:11 Job 29:17

4:12 Job 26:14

4:13 Job 33:15

4:17 Job 9:2

4:18 Job 15:15

4:19 Jen 2:7

4:20 Job 14:2

4:21 Job 8:22