32
1 Epi twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te ✡ Job 10:7dwat nan pwòp zye pa li. 2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, ✡ Jen 22:21Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile! Kont Job, kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. 3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons; men olye, yo te kondane Job. 4 Alò, Élihu te tann pou pale ak Job akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. 5 Epi lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè, epi te di:
“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou ✡ Job 15:10granmoun.
Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
7 Mwen te reflechi ke se ✡ Job 8:8-9laj ki te dwe pale,
e ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
8 Men se yon lespri ki nan lòm
e se souf a Toupwisan an ki bay yo bon✡ Job 38:36konprann.
9 Anpil ane pa vle di saj; ni pa fwa, se pa ✡ Job 32:7granmoun
ki konprann sa ki jis.
10 Pou sa, mwen di koute mwen;
mwen menm tou va di nou sa ke m panse.
11 “Gade byen, mwen t ap tann pawòl nou yo;
mwen te koute byen rezonman pa nou yo,
pandan nou t ap reflechi sou sa pou di yo.
12 Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen
pèsòn ki te vin genyen Job.
Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
13 Pran atansyon nou pa di: ✡ Jr 9:23‘Nou twouve sajès;
se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm,
ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
15 “Yo fin pèdi kouraj; yo pa reponn ankò.
Pawòl pa yo fè fayit.
16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale,
akoz yo rete e pa reponn ankò?
17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen,
mwen osi va bay pozisyon pa m.
18 Paske mwen chaje ak pawòl;
lespri m anndan mwen ap bourade mwen.
19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire;
tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman;
kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
21 Alò, pa kite mwen ✡ Lev 19:15pran pati a okenn moun,
ni flate pèsòn.
22 Paske mwen pa konn flate moun,
sof Sila ki kreye mwen an ta vin ranmase m fè m ale.”