33
1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple ✡ Job 13:6tande mesaj mwen an
e koute tout pawòl mwen yo.
2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen e
se lang nan bouch mwen ki pale.
3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati a kè mwen,
e lèv mwen pale ✡ Job 6:28konesans ak verite.
4 Se ✡ Jen 2:7Lespri Bondye ki te fè m,
e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
5 ✡ Job 33:32Di m se pa sa, si ou kapab.
Alinye ou devan m e kanpe kanpe ou.
6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou;
mwen menm tou te fèt ak ✡ Job 4:19ajil la.
7 Gade byen, se pa ✡ Job 13:21okenn krent mwen menm
ki ta bay ou laperèz,
ni se pa akoz fòs pwa balans mwen
ke ou ta twouve chaj la lou.
8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande
e mwen te tande son a pawòl ou yo.
9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;
mwen inosan e ✡ Job 10:14nanpwen koupabilite nan mwen.
10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;
Li ✡ Job 13:24kontwole m tankou lènmi.
11 Li ✡ Job 13:27mete pye mwen nan sèp;
Li veye tout chemen mwen yo.’
12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ✡ Ekl 7:20ou pa gen rezon
nan sa, paske Bondye pi gran ke lòm.
13 Poukisa ou ✡ Job 40:2plenyen kont Li?
Ke Li pa eksplike tout zak Li yo?
14 Anverite, ✡ Job 33:29Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15 Nan yon ✡ Job 4:12-17rèv, yon vizyon nan nwit,
lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 Konsa, ✡ Job 36:10-15Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17 Pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy;
18 Konsa, Li ✡ Job 33:22-30pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa antre ✡ Job 15:22nan Sejou Lanmò a.
19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman ✡ Job 30:17doulè sou kabann li;
avèk plent san rete jis rive nan zo li;
20 Jiskaske lavi li vin ✡ Job 3:24rayi pen e nanm li,
manje ke li te pi renmen an.
21 ✡ Job 16:8Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l
e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
22 ✡ Job 33:18-28Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a
e lavi li, sila ki mennen lanmò yo.
23 “Si gen yon zanj pou ta ✡ Jen 40:8entèsede pou li,
se tankou youn nan yon milye,
ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
24 Alò, Bondye fè l gras epi di: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,
mwen te twouve yon ✡ Job 36:18racha;’
25 Kite chè li vin pi fre ke li te nan jenès li,
kite li revini nan jou a fòs jenès li yo;
26 Epi li va ✡ Job 22:27priye a Bondye, Li va aksepte li,
pou l kab wè figi Li ak jwa e
ke Li kapab restore ladwati a lòm.
27 Li va chante a lèzòm, epi di: “Mwen te peche,
te konwonpi sa ki dwat e li pa t bon pou mwen.
28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a
e lavi m ✡ Job 22:28va wè limyè.’
29 “Gade byen, sa pa ra; Bondye konn fè ✡ Ef 1:11tout bagay
sa yo souvan ak lòm,
30 Pou ✡ Job 33:18mennen nanm li fè l sòti retounen nan fòs lanmò a,
pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
31 Prete atansyon, O Job, koute m byen;
rete an silans e kite mwen pale.
32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;
pale, paske mwen vle ba ou rezon.
33 Men si non, koute mwen; rete an silans
e mwen va montre ou sajès.”