6
Epi Job te reponn:
Job 31:6“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
Paske li ta pi lou Job 23:2pase sab lanmè yo.
Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
Paske Job 16:13flèch Toupwisan an fin antre anndan m;
lespri m ap bwè pwazon.
Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
Èske Job 39:5-8bourik mawon ranni sou zèb li,
oswa bèf rele sou manje li?
Èske bagay san gou kapab manje san sèl,
oswa èske pati blan nan zye poul la gen gou?
Nanm mwen Job 3:24p ap touche yo.
Yo tankou manje abominab pou mwen.
 
“O ke sa m mande ta kab rive,
e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
Ke Bondye Nonb 11:15ta dakò pou kraze m nèt,
ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;
wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,
pou m Job 22:22pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tann?
Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12 Èske fòs mwen tankou wòch,
o èske chè m kon bwonz?
13 Èske se pa ke nanpwen Job 26:2sekou anndan m,
ke tout sajès fin chase lwen mwen?
 
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki Job 1:5kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Frè m yo te aji ak Jr 15:8desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16 ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17 Nan Job 24:19sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
19 Karavàn És 21:14Théma yo te vin veye;
vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20 Yo Jr 14:3te desi paske yo te mete konfyans;
yo te vini la, e te etone.
21 Anverite, koulye a se konsa ou ye;
ou wè laperèz e ou vin pè.
22 Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?
Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23 Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?
Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
 
24 “Enstwi mwen e Sòm 39:1mwen va pe la!
Montre mwen kote mwen gen tò.
25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!
Men kisa diskou ou a pwouve?
26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,
lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27 Konsa, ou ta menm Jl 3:3tire osò pou òfelen yo
e fè twòk pou zanmi ou.
28 Alò, souple, gade mwen e wè si se
Job 27:4manti m ap fè nan figi ou.
29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.
Retounen kote m! Jiska prezan, Job 13:18ladwati mwen rete ladan an.
30 Èske gen enjistis sou lang mwen?
Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”

6:2 Job 31:6

6:3 Job 23:2

6:4 Job 16:13

6:5 Job 39:5-8

6:7 Job 3:24

6:9 Nonb 11:15

6:10 Job 22:22

6:13 Job 26:2

6:14 Job 1:5

6:15 Jr 15:8

6:17 Job 24:19

6:19 És 21:14

6:20 Jr 14:3

6:24 Sòm 39:1

6:27 Jl 3:3

6:28 Job 27:4

6:29 Job 13:18