11
Alò, pèp la te devni kòm Nonb 14:2 sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an. Nonb 12:11-13 Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti. Konsa, non a kote sa a te rele Det 9:22 Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.
I Kor 10:6 Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? Egz 16:3 Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; men koulye a, Nonb 21:5 nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
Egz 16:31 Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik. Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil. Egz 16:13-14 Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.
10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11  Egz 5:22 Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Jen 24:7 Ou te sèmante a papa yo?’ 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay Nonb 11:21-22 tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14  Egz 18:18 Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15  Egz 32:32 Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen Egz 24:1-9 swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a. 17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan I Sam 10:6 lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
18 “Di a pèp la: Egz 19:10-22 ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. 19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou, 20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz Jos 24:27 nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?” ’ ”
21 Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
22 “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
23 SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si Éz 12:25pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.”
24 Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te Nonb 11:6 di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la. 25  Nonb 11:17 Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
26 Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Nonb 24:2 Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an. 27 Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”
28 Epi Egz 33:11 Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”
29 Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? I Kor 14:5 Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” 30 Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.
31  Sòm 78:26-28 Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an. 33  Sòm 78:29-31 Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. 34 Konsa, non a kote sa a te rele Det 9:22 Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
35 Soti nan Kibroth Hattaava, Nonb 33:17 pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.

11:1 Nonb 14:2

11:2 Nonb 12:11-13

11:3 Det 9:22

11:4 I Kor 10:6

11:5 Egz 16:3

11:6 Nonb 21:5

11:7 Egz 16:31

11:9 Egz 16:13-14

11:11 Egz 5:22

11:12 Jen 24:7

11:13 Nonb 11:21-22

11:14 Egz 18:18

11:15 Egz 32:32

11:16 Egz 24:1-9

11:17 I Sam 10:6

11:18 Egz 19:10-22

11:20 Jos 24:27

11:23 Éz 12:25

11:24 Nonb 11:6

11:25 Nonb 11:17

11:26 Nonb 24:2

11:28 Egz 33:11

11:29 I Kor 14:5

11:31 Sòm 78:26-28

11:33 Sòm 78:29-31

11:34 Det 9:22

11:35 Nonb 33:17