32
1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, ✡ Trav 7:40fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, ✡ Egz 14:11Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”
2 Aaron te di yo: ✡ Egz 35:22 “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” 3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo, e te pote yo bay Aaron. 4 Li te pran yo nan men yo, li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te ✡ Sòm 106:19 fonn li pou fè yon jèn towo; epi yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”
5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li; epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” 6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè, yo te ofri ofrann brile, ✡ I Kor 10:7 e yo te pote ofrann lapè yo; epi pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.
7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin ✡ Jen 6:11 konwonpi. 8 Yo vit vire kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. ✡ Egz 20:3,4,23Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ✡ I Wa 12:28‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’ ”
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se ✡ És 48:4 yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, ✡ Det 9:14kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi ✡ Nonb 14:12Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
11 Epi ✡ Det 9:18,26 Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa ✡ Det 9:28Ejipsyen yo ta dwe pale e di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’ ”
“Vire kite kòlè kab briye a, e chanje ide Ou sou entansyon pou fè pèp Ou a mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo ke Ou te ✡ Eb 6:13sèmante pa Ou menm, e te di yo: ‘Mwen va ✡ Jen 26:4miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’ ”
14 ✡ Sòm 106:45 Epi SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
15 ✡ Det 9:15Alò, Moïse te vire e te desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l, ✡ Egz 31:18tablèt ki te ekri nan toude fas yo. 16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye, e ekriti a se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo. 17 Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di a Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.
18 Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.” 19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, ✡ Egz 32:6 li te wè jèn towo a ak tout dans yo; epi kòlè te briye nan Moïse, li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 20 ✡ Det 9:21 Li te pran jèn towo ke yo te fè a, li te brile li avèk dife, li te kraze l fè poud, li te gaye li sou tout sifas dlo a, e li te fè fis Israël yo bwè li.
21 Epi Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye; ou konnen pèp sa a ou menm, ✡ Det 9:24 ke yo toujou panche vè lemal. 23 Paske ✡ Egz 32:1-4 yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou; paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’ ” 24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te ✡ Egz 32:4 jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”
25 Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te ✡ I Wa 12:28 kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—— 26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
27 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou, ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an e touye chak frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”
28 Epi ✡ Nonb 25:7-13 fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.
29 Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”
30 Nan pwochen jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche; epi koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a; petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”
31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche, e yo te gen tan fè yon ✡ Egz 20:23 dye an lò pou yo menm. 32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan ✡ Dan 12:1 liv ke Ou te ekri a!”
33 SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, ✡ Sòm 9:5 Mwen va efase li nan liv Mwen an. 34 Men ale koulye a, mennen pèp la ✡ Egz 3:17kote Mwen te di ou a. Veye byen, ✡ Egz 23:20zanj Mwen va ale devan ou; malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”
35 ✡ Egz 32:28 Epi SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.