20
1 Epi Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ✡ Egz 13:3 ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
3 “Ou pa pou gen lòt ✡ Egz 15:11 dye devan M.
4 ✡ Lev 19:4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
5 ✡ Egz 23:24“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la, Mwen se yon Bondye ✡ Na 1:2jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 Men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd ✡ Det 7:9 pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
7 ✡ Lev 19:12 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
8 Sonje ✡ Lev 26:2 jou Saba a pou kenbe l sen.
9 ✡ Det 5:13 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an; ✡ Né 13:16-19 ladann ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
11 ✡ Jen 2:2,3 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a; akoz sa SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
12 ✡ Lev 19:3Onore papa ou avèk manman ou, pou ✡ Jr 35:7jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
15 ✡ Egz 21:16 Ou pa pou vòlè.
16 ✡ Det 5:20 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ✡ Pwov 6:29 ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
18 ✡ Egz 19:16,18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen; epi lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19 ✡ Gal 3:19 Epi yo te di a Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè; paske Bondye vini ✡ Det 13:3pou pase nou a leprèv, e pou ✡ És 8:13lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche ✡ Egz 19:16 gwo nwaj la kote Bondye.
22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke ✡ Det 4:36 Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la. 23 Nou pa pou fè lòt dye akote Mwen menm; ✡ Egz 32:1,2,4 dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
24 “ ‘Nou va fè yon ✡ Egz 20:25 lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo; nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
25 “ ‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò. 26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou ✡ Egz 28:42,43 nidite nou pa vin dekouvri ladann.’ ”