8
SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’ ” És 8:3 (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan), Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, II Wa 16:10-16 Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.
Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz. Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”
Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di: “Konsi moun sa yo fin És 1:20 rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a; alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va Am 8:8 monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo. Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li És 30:28 rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!
“Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin Dan 2:34-35 kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt. 10  Job 5:12 Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”
11 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m Esd 2:8 pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di: 12 “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. I Pi 3:14-15 Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. 13 Se SENYÈ dèzame yo Nonb 20:12 ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone. 14 Li va devni yon sanktiyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon Luc 2:34 wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo. 15 Se anpil moun És 28:13 k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.”
16 Mare akò la. Sele lalwa pami Dan 12:4 disip mwen yo. 17 Mwen va És 25:9 tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans. 18 Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou Luc 2:34 sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke És 8:22 yo pa gen granmaten k ap vini. 21 Yo va pase nan peyi a, És 9:20-21 plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va És 8:20 chase ale nan tenèb.

8:1 És 8:3

8:2 II Wa 16:10-16

8:6 És 1:20

8:7 Am 8:8

8:8 És 30:28

8:9 Dan 2:34-35

8:10 Job 5:12

8:11 Esd 2:8

8:12 I Pi 3:14-15

8:13 Nonb 20:12

8:14 Luc 2:34

8:15 És 28:13

8:16 Dan 12:4

8:17 És 25:9

8:18 Luc 2:34

8:20 És 8:22

8:21 És 9:20-21

8:22 És 8:20