25
1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen; mwen va leve Ou byen wo, Mwen va bay remèsiman a non Ou; paske Ou te fè gwo mèvèy; ✡ Ef 1:11 plan yo fòme depi lontan, avèk tout fidelite e verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt; yon ✡ És 13:22 palè pou etranje yo vin pa yon vil ankò, li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa; ✡ És 13:11gran vil a nasyon ki mechan yo va adore Ou. 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè; paske souf a ✡ És 29:5-20mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese ✡ Jr 51:54-56zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin sispann.
6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou ✡ És 2:2-4tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt ✡ II Kor 3:15-16kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li va ✡ Os 13:14vale lanmò jis pou tout tan, Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 Epi li va pale nan jou sa a, “Gade byen, ✡ És 35:2sa se Bondye nou an, Sila nou te tann pou L te ka sove nou an. Sa se SENYÈ a, Sila nou t ap tann nan; annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a.” 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.
Epi ✡ És 16:14Moab va foule anba pye li tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11 Epi l ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va ✡ Job 40:11desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12 Ranfòsman fò ki ✡ És 15:1pa kab menm ataque yo, li va ranvèse yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.