2
Pawòl ke És 66:24Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
Alò, li va vin rive Mi 4:1-3nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt És 51:4-5soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
 
Vini lakay Jacob;
annou mache nan És 60:1-20limyè SENYÈ a.
Paske ou te Det 31:17abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò
e pou richès yo, nanpwen fen.
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,
e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
Peyi yo anplis És 10:11plen ak zidòl;
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
Pou sa, lòm vin imilye;
e limanite vin bese.
Konsa, Né 4:5pa padone yo.
10 Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont II Tes 1:9 laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
11  És 5:15Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
 
12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun Job 40:11-12ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout Za 11:2chenn Basan yo.
14 Kont tout És 40:4 mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15 Kont tout És 25:12fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16 Kont tout I Wa 10:22bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17 Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18 Men És 21:9zidòl yo va vin disparèt nèt.
19 Tout moun va És 2:10antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonnan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20 Nan jou sa a, tout moun va És 30:22jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21 pou yo ka És 2:19antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
22 Sispann mete konfyans nan lòm;
souf vi li se sèl nan nen l.
És 40:15-17 Kisa li vo?

2:1 És 66:24

2:2 Mi 4:1-3

2:3 És 51:4-5

2:5 És 60:1-20

2:6 Det 31:17

2:8 És 10:11

2:9 Né 4:5

2:10 II Tes 1:9

2:11 És 5:15

2:12 Job 40:11-12

2:13 Za 11:2

2:14 És 40:4

2:15 És 25:12

2:16 I Wa 10:22

2:18 És 21:9

2:19 És 2:10

2:20 És 30:22

2:21 És 2:19

2:22 És 40:15-17