10
Mat 12:42Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil. Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap I Wa 10:10pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li. Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò. Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè. Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a. Jan mesye pa ou yo Pwov 8:34beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou. Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. I Kwo 17:22Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, Sòm 72:2 pou fè lajistis avèk ladwati.” 10  I Wa 10:2Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.
11  I Wa 9:27-28Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye. 12  II Wa 9:11Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.
13 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.
14  II Kwo 9:13-28Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò, 15 anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami II Kwo 9:14Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo. 16  I Wa 14:26-28Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye. 17 Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e I Wa 7:2wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. 18 Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk II Kwo 9:17ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine. 19 Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo. 20 Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm. 21 Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo. 22 Paske I Wa 9:26-28wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.
23  I Wa 3:12-13Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon I Wa 3:9-28pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li. 25  Sòm 68:29Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.
26 Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan I Wa 9:19vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem. 27  Det 17:17Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan. 28  Det 17:16Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri. 29 Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a II Wa 7:6-7tout wa Etyen avèk wa Siryen yo.

10:1 Mat 12:42

10:2 I Wa 10:10

10:8 Pwov 8:34

10:9 I Kwo 17:22

10:9 Sòm 72:2

10:10 I Wa 10:2

10:11 I Wa 9:27-28

10:12 II Wa 9:11

10:14 II Kwo 9:13-28

10:15 II Kwo 9:14

10:16 I Wa 14:26-28

10:17 I Wa 7:2

10:18 II Kwo 9:17

10:22 I Wa 9:26-28

10:23 I Wa 3:12-13

10:24 I Wa 3:9-28

10:25 Sòm 68:29

10:26 I Wa 9:19

10:27 Det 17:17

10:28 Det 17:16

10:29 II Wa 7:6-7