68
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1 Kite ✡ Nonb 10:35 Bondye leve, kite lènmi Li yo vin gaye,
Epi kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
2 Kon lafimen konn chase; konsa, chase yo.
Kon ✡ Sòm 22:14 lasi kon fann devan dife; konsa,
kite mechan yo peri devan Bondye.
3 Men kite moun ✡ Sòm 32:11 ladwati yo fè kè kontan;
Kite yo leve wo devan Bondye;
Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
4 Chante a Bondye, chante lwanj
a non Li;
Leve wo pou Sila ki travèse dezè yo,
Ki pote ✡ Egz 6:3 non SENYÈ a e ki rejwi devan Li an.
5 Yon ✡ Sòm 10:14 papa pou òfelen yo e yon jij pou vèv yo,
Se Bondye nan lye sen Li an.
6 Bondye ✡ Sòm 107:4-7 fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an;
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak abondans
Se sèl rebèl ki viv nan yon peyi deseche.
7 O Bondye, lè Ou ✡ Egz 13:21 te sòti devan pèp Ou a,
Lè Ou te mache travèse dezè a,
8 ✡ Egz 19:18 Tè a te souke; syèl yo tou te lage lapli
devan prezans Bondye, Bondye Israël la.
Mond la li menm tè a souke devan prezans
Bondye a, Bondye Israël la.
9 Ou te voye nan tout kote yon gwo lapli, O Bondye;
te konfime eritaj Ou lè li te sèch nèt.
10 Kreyati pa Ou yo te vin rete ladann;
Ou te ✡ Sòm 65:9 founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
11 Senyè a pase lòd;
✡ Egz 15:20 Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo
se yon gwo lame:
12 “Wa lame yo sove ale, yo kouri e
sila ki rete nan kay la va ✡ Jij 5:30 divize piyaj la!”
13 Lè ou kouche ✡ Jen 49:14 nan Pak mouton yo,
Se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e
plim li ak lò briyan.
14 Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a,
Nèj t ap tonbe ✡ Jij 9:48Tsalmon.
15 Yon mòn Bondye se Mòn Basan;
Yon mòn ak anpil tèt se Mòn Basan.
16 Poukisa nou gade ak anvi, O mòn ak anpil tèt yo
Sou mòn ke Bondye te ✡ Det 12:5 vle pou abitasyon Li an?
Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
17 Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye;
Senyè a pami yo; Nan Sinaï, nan sentete Li.
18 Ou te monte an wo; Ou te mennen an kaptivite,
kaptif Ou yo;
Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm,
Menm pami rebèl yo tou, SENYÈ a, Bondye a,
kapab abite la.
19 Beni se Senyè a, ki ✡ Sòm 55:22 pote fado nou chak jou,
Bondye ki se delivrans nou an.
Tan
20 Bondye pou nou se yon ✡ Sòm 106:43 Bondye delivrans;
Epi BONDYE, Senyè a, responsab pou
fè nou chape devan lanmò.
21 Anverite, Bondye va ✡ Sòm 110:6 kraze tèt a
lènmi Li yo,
Tèt la menm ak cheve a sila ki
pèsiste nan mechanste li yo.
22 Senyè a te di: ✡ Nonb 21:33 “Mwen va mennen fè yo
sòti Basan.
Mwen va mennen yo retounen
Jis rive nan fon lanmè a;
23 Pou pye ou kapab kraze yo an san,
pou lang a ✡ I Wa 21:19 chen ou yo kapab genyen pòsyon
pa li sou lènmi ou yo.”
24 Yo te wè ✡ Sòm 77:13 posesyon solanèl Ou a, O Bondye,
Posesyon a Bondye mwen an, Wa mwen,
pou antre nan sanktiyè a.
25 Chantè yo te ale e mizisyen yo te swiv,
Nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
26 Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a,
Ou menm ki ✡ Det 33:28 fontèn dlo Israël la.
27 Men ✡ Jij 5:14 Benjamin, pi piti an Israël la,
k ap renye sou yo,
Prens a Juda ki pami foul la,
Prens Zabulon, prens a Nephthali yo.
28 Bondye Ou a te kòmande fòs Ou;
Montre ou dyanm, O Bondye, ✡ És 26:12 ki te
aji pou nou menm.
29 Akoz tanp Jérusalem Ou a,
✡ I Wa 10:25 Wa yo va mennen kado bay Ou.
30 Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a,
Twoupo ✡ Sòm 22:12 towo yo avèk ti bèf a pèp yo,
K ap foule anba pye pyès ajan yo;
Li te gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
31 Reprezantan yo va sòti an ✡ És 19:19-21 Égypte;
Ethiopie va rapidman lonje men l
vè Bondye.
32 Chante a Bondye, O ✡ Sòm 102:22 wayòm sou latè yo,
Chante lwanj a Senyè a,
Tan
33 A Sila ki vwayaje monte sou ✡ Det 10:14pi wo syèl la,
Ki la depi nan tan ansyen yo;
Gade byen, Li pale ak gwo vwa,
Yon vwa plen pwisans.
34 Bay fòs a Bondye; majeste Li
sou tout Israël e ✡ Sòm 150:1pwisans Li
nan syèl yo.
35 O Bondye, Ou ✡ Det 7:21 etonnan pandan Ou
soti nan sanktiyè Ou a.
Bondye Israël la Li menm bay fòs ak pouvwa a pèp yo.
Beni se Bondye!