12
“Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede Det 4:9-10pandan tout tan ke n ap viv sou tè a.
“Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou II Wa 16:4 mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo. Nonb 33:52 Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va Egz 23:13fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo.
“Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an. Egz 20:24Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini. La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, Det 14:22dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo. La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va Lev 23:40rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
“Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi Jij 17:6tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li; paske nou poko rive nan plas repo ak Det 4:21eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.
10 “Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Jos 11:23Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite, 11  Det 12:5alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.
12 “Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Det 12:18-19Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou. 13 Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè, 14 men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.
15  Det 12:20-23“Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilop la ak sèf la. 16  Jen 9:4Sepandan, nou pa pou bwè san an; Det 15:23nou dwe vide li atè tankou dlo.
17  Det 12:26“Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo. 18 Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va Det 12:7rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann. 19  Det 14:27Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.
20 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, Jen 15:18jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito. 21 Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito. 22 Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf kon sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.
23 “Sèlman, fè sèten Jen 9:4ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a. 24 Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo. 25 Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske Egz 15:26nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.
26  Nonb 5:9“Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a. 27 Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi Lev 3:1-17nou va manje chè a.
28 “Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou Det 4:40sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.
29 “Lè Jos 23:4SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo, 30 veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’ 31  Det 9:5 Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske Lev 18:21yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.
32  Det 4:2“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Pwov 30:6Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.

12:1 Det 4:9-10

12:2 II Wa 16:4

12:3 Nonb 33:52

12:3 Egz 23:13

12:5 Egz 20:24

12:6 Det 14:22

12:7 Lev 23:40

12:8 Jij 17:6

12:9 Det 4:21

12:10 Jos 11:23

12:11 Det 12:5

12:12 Det 12:18-19

12:15 Det 12:20-23

12:16 Jen 9:4

12:16 Det 15:23

12:17 Det 12:26

12:18 Det 12:7

12:19 Det 14:27

12:20 Jen 15:18

12:23 Jen 9:4

12:25 Egz 15:26

12:26 Nonb 5:9

12:27 Lev 3:1-17

12:28 Det 4:40

12:29 Jos 23:4

12:31 Det 9:5

12:31 Lev 18:21

12:32 Det 4:2

12:32 Pwov 30:6