14
“Nou se Wo 8:16fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò. Paske nou se yon pèp ki Lev 20:26sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
Éz 4:14“Nou pa pou manje okenn bagay abominab. Lev 11:2-45Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit, Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn. Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
“Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou. Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
“Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal, 10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp. 12 Men Lev 11:13sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè, 13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo, 14 kòbo ak tout kalite parèy yo, 15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo, 16 koukou, frize, gwo kana mawon blan, 17 grangozye, plonjon, chwèt, 18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje. 20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se Det 14:2yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Egz 23:19Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
22 “Chak ane, nou va, Lev 27:30anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan. 23 Nou va manje nan prezans SENYÈ a, Det 12:5 kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
24 “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi Det 12:5-21 pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou, 25 alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a. 26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi Det 12:7la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou. 27 Osi, nou p ap neglije Det 12:12Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
28  Det 26:12“Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e Det 16:11etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va Det 6:11manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.

14:1 Wo 8:16

14:2 Lev 20:26

14:3 Éz 4:14

14:4 Lev 11:2-45

14:12 Lev 11:13

14:21 Det 14:2

14:21 Egz 23:19

14:22 Lev 27:30

14:23 Det 12:5

14:24 Det 12:5-21

14:26 Det 12:7

14:27 Det 12:12

14:28 Det 26:12

14:29 Det 16:11

14:29 Det 6:11