4
“Alò, ou menm, fis a lòm, És 20:2chache pou ou yon brik; mete l devan ou e enskri yon vil sou li, Jérusalem. Epi poze Jr 6:6fè syèj kontra li; bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon. Epi chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li pou li ka anba syèj; epi mete li anba syèj menm. Sa se yon És 8:18sign pou lakay Israël.
“Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li; ou va Lev 10:17 pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo. Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katra-ven-di jou. Konsa Nonb 14:34ou va pote inikite a lakay Israël la.
Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a; Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou Nonb 14:34chak ane. Epi ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou Éz 21:2pwofetize kont li. Alò, gade byen, Mwen va Éz 3:25mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
“Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak Egz 9:32ble mòn; mete yo nan yon sèl veso e fè pen pou ou menm. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou. 10 Manje ke ou va manje a va Éz 45:12 ven sik pa jou selon pwa li; ou va manje ladann de tanzantan. 11 Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi); ou va bwè l de tanzantan. 12 Ou va manje li kon gato lòj, lè ou fin kwit li devan yo ak És 36:12poupou moun.” 13 Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen Dan 1:8pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
14 Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye kò m; paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn Trav 10:14vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
15 Epi Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan, sou sila ou va prepare pen ou an.”
16 Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va Lev 26:26kase baton pen an nan Jérusalem, yo va manje pen mezire selon pwa e ak kè twouble, bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz, 17 akoz pen ak dlo va vin ra; epi yo va degoute youn lòt e yo Lev 26:39vin deperi nan inikite yo.”

4:1 És 20:2

4:2 Jr 6:6

4:3 És 8:18

4:4 Lev 10:17

4:5 Nonb 14:34

4:6 Nonb 14:34

4:7 Éz 21:2

4:8 Éz 3:25

4:9 Egz 9:32

4:10 Éz 45:12

4:12 És 36:12

4:13 Dan 1:8

4:14 Trav 10:14

4:16 Lev 26:26

4:17 Lev 26:39