20
Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini I Sam 5:1Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li, nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire Za 13:4twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè. Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon És 8:18sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie, menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo És 47:2-3 jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont. Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a. Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, Mat 23:33se kòman nou va chape?’ ”

20:1 I Sam 5:1

20:2 Za 13:4

20:3 És 8:18

20:4 És 47:2-3

20:6 Mat 23:33