13
1 “Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki ✡ Jr 2:13 va ouvri pou lakay David e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou lave ✡ Sòm 51:2,7 peche ak salte.
2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a e yo p ap sonje yo ankò; epi Mwen va osi retire ✡ Jr 23:14,15pwofèt ak ✡ I Wa 22:22 lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3 Lè yon moun va pwofetize; alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou ✡ Det 18:20p ap viv, paske ou ✡ Jr 23:35 pale fò nan non SENYÈ a;’ epi papa li ak manman li ki te fè l la va kwè atravè li lè li pwofetize. 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va ✡ Jr 6:15 vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize e yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5 Men yon pwofèt va di: ‘Mwen ✡ Am 7:14 pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè, paske mwen se yon esklav depi mwen jèn.’ 6 Epi yon moun va vin di l: ‘Ki blese sa ki ✡ II Wa 9:24 nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blese ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’
7 “Leve, O nepe, kont ✡ És 40:11 bèje Mwen an,
e kont nonm ki byen pre M,”
deklare SENYÈ dèzame yo.
Frape bèje a pou mouton yo ka gaye;
epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.
8 “Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a,
“Ke ✡ És 6:13de pati ladann va vin koupe retire e mouri;
men twazyèm pati a va rete ladann.
9 “Epi Mwen va mennen fè pase
twazyèm pati a nan dife.
Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan e
pase yo a leprèv tankou lò.
Yo va rele non Mwen e Mwen va tande yo.
Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’ e
yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’ ”✡ És 48:10