22
Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël. Nan twazyèm ane I Wa 15:24Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la. Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Det 4:33Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.” Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?”
Josaphat te di a wa Israël la: II Wa 3:7“Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
Alò I Wa 18:19wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”
Men II Wa 3:11Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?”
Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.”
Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.”
10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi I Wa 22:6tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè Za 1:18-21kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’ ” 12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.”
13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.”
14 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Nonb 22:18SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
15 Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?”
Konsa, li te reponn li: I Wa 22:12“Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”
16 Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
17 Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, Mat 9:36tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’ ”
18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: I Wa 22:8“Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Éz 1:26-28Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
22 SENYÈ a te di li: “Kijan?”
Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou Éz 14:9devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.”
Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” 23 “Alò, pou sa, gade byen, Éz 14:9 SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te II Kwo 18:23 frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
25 Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”
26 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a, 27 epi di li: ‘Konsa pale wa a: II Kwo 16:10“Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.” ’ ”
28 Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: Mi 1:2“Koute, tout pèp nou an!”
29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 30 Wa Israël la te di a Josaphat: II Kwo 35:22“Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.
31 Alò, I Wa 20:1-24wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
32 Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò. 33 Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li. 34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, II Kwo 35:23paske mwen blese byen sevè.” 35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan leswa a, li te mouri. San a te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a. 36  II Wa 14:12Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”
37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie. 38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, I Wa 21:19selon pawòl SENYÈ a te pale a.
39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak Am 3:15kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.
41  II Kwo 20:31Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la. 42 Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a. 43  II Kwo 17:3Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo. 44  II Wa 8:16-18Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.
45 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te fè lagè, èske yo pa ekri II Kwo 20:34nan liv Kwonik a Wa a Juda yo? 46 Retay a Det 23:17sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a. 47 Alò, II Sam 8:14pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa. 48 Josaphat te fè II Kwo 20:36bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber. 49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò. 50  II Kwo 21:1Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.
51 Achazia, fis a Achab la te II Kwo 21:1devni wa nan plas li. 52 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te I Wa 15:26mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a. 53  Jij 2:11Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.

22:2 I Wa 15:24

22:3 Det 4:33

22:4 II Wa 3:7

22:6 I Wa 18:19

22:7 II Wa 3:11

22:10 I Wa 22:6

22:11 Za 1:18-21

22:14 Nonb 22:18

22:15 I Wa 22:12

22:17 Mat 9:36

22:18 I Wa 22:8

22:19 Éz 1:26-28

22:22 Éz 14:9

22:23 Éz 14:9

22:24 II Kwo 18:23

22:27 II Kwo 16:10

22:28 Mi 1:2

22:30 II Kwo 35:22

22:31 I Wa 20:1-24

22:34 II Kwo 35:23

22:36 II Wa 14:12

22:38 I Wa 21:19

22:39 Am 3:15

22:41 II Kwo 20:31

22:43 II Kwo 17:3

22:44 II Wa 8:16-18

22:45 II Kwo 20:34

22:46 Det 23:17

22:47 II Sam 8:14

22:48 II Kwo 20:36

22:50 II Kwo 21:1

22:51 II Kwo 21:1

22:52 I Wa 15:26

22:53 Jij 2:11