17
I Wa 15:24Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm. Li te mete sòlda nan tout II Kwo 11:5vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm II Kwo 15:8ke papa li, Asa te kaptire yo. SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li I Wa 12:28pa t aji jan Israël te fè a. Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée II Kwo 15:3pou enstwi nan vil a Juda yo; epi avèk yo II Kwo 19:8Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. Det 6:4-9Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10 Alò, II Kwo 14:14lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. 11 Kèk nan Filisten yo te II Kwo 9:14pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. 12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. 14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; 15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; 16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. 17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, 18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. 19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte II Kwo 17:2sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

17:1 I Wa 15:24

17:2 II Kwo 11:5

17:2 II Kwo 15:8

17:4 I Wa 12:28

17:7 II Kwo 15:3

17:8 II Kwo 19:8

17:9 Det 6:4-9

17:10 II Kwo 14:14

17:11 II Kwo 9:14

17:19 II Kwo 17:2