11
I Wa 12:21-24Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam. Men pawòl SENYÈ a te vini a II Kwo 12:5-7-15Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di: “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont II Kwo 28:8-11fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.” ’ ” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
Roboam te viv Jérusalem, e li te II Kwo 8:2-6bati vil pou fè defans nan Juda. Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, Beth-Tsur, Soko, Adullam, Gath, Maréscha, Ziph, Adoraïm, Lakis, Azéka 10 Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. 11 Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven. 12 Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.
13 Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo. 14 Paske Nonb 35:2-5Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a. 15  I Wa 12:31Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo. 16  II Kwo 15:9Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 17 Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te II Kwo 12:1bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.
18 Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a. 19 Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham. 20 Apre, li te pran I Wa 15:2Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith. 21 Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te Det 17:17pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi. 22 Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa. 23 Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.

11:1 I Wa 12:21-24

11:2 II Kwo 12:5-7-15

11:4 II Kwo 28:8-11

11:5 II Kwo 8:2-6

11:14 Nonb 35:2-5

11:15 I Wa 12:31

11:16 II Kwo 15:9

11:17 II Kwo 12:1

11:20 I Wa 15:2

11:21 Det 17:17