28
II Wa 16:2-4Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a, men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te Egz 34:17fè imaj fonn pou Baal yo. Jos 15:8Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te Lev 18:21brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. Li te fè sakrifis e te II Kwo 28:25brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.
Pou sa, II Kwo 24:24 SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri. Paske II Wa 16:5Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo. Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a. Det 28:25-41Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie. Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. II Kwo 25:15Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo És 47:6te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la. 10 Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo Lev 25:39vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an? 11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, Jc 2:13paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.” 12 Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la. 13 Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”
14 Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a. 15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te Pwov 25:21-22bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, Det 34:3vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.
16  II Wa 16:7Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen. 17  Ab 10 Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif. 18  Éz 16:57Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la. 19 Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa II Kwo 21:2Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a. 20 Pou sa, I Kwo 5:26Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li. 21  II Wa 16:8-9Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.
22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a Jr 5:3te vin peche plis devan SENYÈ a. 23  II Kwo 25:14Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: Jr 44:17-18“Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël. 24 Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li II Wa 16:17te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem. 25 Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.
26  II Wa 16:19-20Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo. 27  És 14:28Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa II Kwo 21:2 Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.

28:1 II Wa 16:2-4

28:2 Egz 34:17

28:3 Jos 15:8

28:3 Lev 18:21

28:4 II Kwo 28:25

28:5 II Kwo 24:24

28:6 II Wa 16:5

28:8 Det 28:25-41

28:9 II Kwo 25:15

28:9 És 47:6

28:10 Lev 25:39

28:11 Jc 2:13

28:15 Pwov 25:21-22

28:15 Det 34:3

28:16 II Wa 16:7

28:17 Ab 10

28:18 Éz 16:57

28:19 II Kwo 21:2

28:20 I Kwo 5:26

28:21 II Wa 16:8-9

28:22 Jr 5:3

28:23 II Kwo 25:14

28:23 Jr 44:17-18

28:24 II Wa 16:17

28:26 II Wa 16:19-20

28:27 És 14:28

28:27 II Kwo 21:2