27
II Wa 15:33-35Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la. Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. II Kwo 26:16Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi. Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou II Kwo 33:14miray Ophel la. Anplis, li te bati II Kwo 11:5vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo. Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a. II Kwo 26:5Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a. II Wa 15:36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo. Li te gen II Kwo 27:1venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem. Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.

27:1 II Wa 15:33-35

27:2 II Kwo 26:16

27:3 II Kwo 33:14

27:4 II Kwo 11:5

27:6 II Kwo 26:5

27:7 II Wa 15:36

27:8 II Kwo 27:1