33
II Wa 21:1-9Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. II Kwo 28:3Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. Paske II Kwo 31:1li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. II Kwo 28:24 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan II Kwo 4:9de lakou lakay SENYÈ yo. II Kwo 28:3Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. Li te mete II Kwo 33:15imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi II Sam 7:10 ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.” Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men Né 9:29yo pa t okipe sa menm. 11 Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te II Kwo 36:6mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
12 Pandan Sòm 130:1-2li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo. 13 Lè li te priye a Li menm, I Kwo 5:20Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
14 Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a I Wa 1:33Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo. 15 Anplis, li te II Kwo 33:3-7retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. 16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis Lev 7:11-18ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la. 17 Sepandan, II Kwo 32:12pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
18 Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm II Kwo 33:12-13lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinè yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo. 19 Anplis lapriyè li, II Kwo 33:13 jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak II Kwo 33:3landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo. 20 Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
21  II Wa 21:19-24Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem. 22 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout II Kwo 34:3-4imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo. 23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a II Kwo 33:12jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li. 24 Anfen, sèvitè li yo te II Kwo 25:27fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li. 25 Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.

33:1 II Wa 21:1-9

33:2 II Kwo 28:3

33:3 II Kwo 31:1

33:4 II Kwo 28:24

33:5 II Kwo 4:9

33:6 II Kwo 28:3

33:7 II Kwo 33:15

33:8 II Sam 7:10

33:10 Né 9:29

33:11 II Kwo 36:6

33:12 Sòm 130:1-2

33:13 I Kwo 5:20

33:14 I Wa 1:33

33:15 II Kwo 33:3-7

33:16 Lev 7:11-18

33:17 II Kwo 32:12

33:18 II Kwo 33:12-13

33:19 II Kwo 33:13

33:19 II Kwo 33:3

33:21 II Wa 21:19-24

33:22 II Kwo 34:3-4

33:23 II Kwo 33:12

33:24 II Kwo 25:27