130
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
  1 Soti nan ✡Sòm 42:7pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.   
 2 SENYÈ, koute vwa mwen!  
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.   
 3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,  
O SENYÈ, se kilès ki ta kab ✡Sòm 76:7kanpe?   
 4 Men avèk Ou menm, gen padon,  
pou moun ta gen reverans Ou.   
 5 Mwen tann SENYÈ a.  
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,  
mwen mete espwa m.   
 6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis  
pase gadyen k ap tann maten rive a.  
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.   
 7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.  
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.  
Avèk Li, gen redanmsyon an ✡Sòm 111:9abondans.   
 8 Li va fè ✡Sòm 103:3-4redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.