129
Yon chan pou monte vè tanp lan.
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan És 47:12jenès mwen.
Kite Israël di koulye a:
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen,
men yo pa janm reyisi kont mwen.
Labourè yo te laboure chan yo sou do m.
Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
SENYÈ a dwat.
Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
Ke tout sila ki Mi 4:11rayi Sion yo vin wont!
Ke yo retounen fè bak menm.
Kite yo vin tankou II Wa 19:26zèb sou kay la;
zèb ki fennen avan li grandi,
jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l,
oubyen sila ki mare pote pake a,
pa p ka plen lestomak li.
Ni sila ki pase yo, p ap di:
“Ke Rt 2:4benediksyon SENYÈ a rete avèk ou.
Nou beni ou nan non SENYÈ a.”

129:1 És 47:12

129:5 Mi 4:11

129:6 II Wa 19:26

129:8 Rt 2:4