128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Sòm 112:1A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan Sòm 109:11fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Madanm ou ap tankou yon Éz 19:10chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
Sòm 134:3Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
Wi, pou ou ka wè Jen 48:11pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!

128:1 Sòm 112:1

128:2 Sòm 109:11

128:3 Éz 19:10

128:5 Sòm 134:3

128:6 Jen 48:11