19
“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou II Wa 23:29-34prens Israël yo, Epi di:
‘Kisa manman ou te ye?
Yon manman lyon pami lyon yo!
Li te kouche pami jenn ti lyon yo;
pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.
Lè l te fin leve youn nan pitit li yo,
pitit la te devni yon lyon.
Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje;
li te devore moun.
Alò, nasyon yo te tande de li;
li te vin kaptire nan twou fòs pa yo,
e yo te II Wa 23:34mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.
 
“ ‘Lè manman lyon an,
te wè ke li te tann,
men espwa li vin pèdi,
li te pran yon lòt nan pitit li yo
e te fè l vin yon jenn ti lyon.
Epi li te II Wa 24:9mache toupatou pami lyon yo.
Li te devni yon jenn ti lyon.
Li te aprann jan pou kenbe viktim li.
Li te devore moun.
Li te detwi vil fòtifye yo
e li te devaste vil yo.
Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt
akoz son a gwonde li.
II Wa 24:11Nasyon yo te rasanble kont li tout kote
soti nan pwovens yo
e yo te ouvri filè yo sou li.
Li te vin kaptire nan twou fòs yo.
Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk,
e te II Wa 24:15mennen li kote wa Babylone nan.
Yo te mennen li andedan fò yo
pou vwa l pa tande menm ankò
sou mòn Israël yo.
 
10 “ ‘Manman ou te Sòm 80:8-11tankou yon lyàn
nan san ou an.
Li te plante bò kote dlo.
Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.
11 Li te gen branch ki dyanm,
ki ta ka sèvi pou baton wa yo,
e wotè li te leve pi wo nwaj yo
pou moun ta ka wè l
nan tout wotè li ak tout branch li yo.
12 Men li te vin Jr 31:28rache ak kòlè.
Li te vin jete atè,
epi van nan lès te seche fwi li yo.
Gwo branch dyanm li yo te vin rache.
Konsa li te vin fennen.
Dife te manje yo nèt.
13 Epi koulye a, li vin plante nan II Wa 24:12-16dezè a,
nan yon peyi ki sèch e ki swaf.
14  Éz 15:4Dife a fin gaye nan tout branch li yo.
Li te konsonmen boujon ak fwi li yo
jiskaske pa t gen ladann yon branch
ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’
Sa se yon lamantasyon. Epi konsa, sa gen pou sèvi kon yon lamantasyon.”

19:1 II Wa 23:29-34

19:4 II Wa 23:34

19:6 II Wa 24:9

19:8 II Wa 24:11

19:9 II Wa 24:15

19:10 Sòm 80:8-11

19:12 Jr 31:28

19:13 II Wa 24:12-16

19:14 Éz 15:4