15
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, kisa bwa Sòm 80:8-16chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo? Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso? Si yo te mete li nan És 27:11dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay? Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo. Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te I Wa 19:17sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo. Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te Éz 14:13aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.

15:2 Sòm 80:8-16

15:4 És 27:11

15:7 I Wa 19:17

15:8 Éz 14:13