27
Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; És 51:9 li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.
Nan jou sa a, chante pou li Sòm 80:8”Yon bèl chan rezen! Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen I Sam 2:9 veye li lajounen kon lannwit. Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! És 33:12Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt. Oswa, kite li És 12:2depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”
Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak És 4:2 fwi. Èske Li te frape yo, jan És 10:12-17li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo? Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou Jr 4:11van lès la. Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou Wo 11:27 rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò. 10 Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. És 17:2 Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo. 11 Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Det 32:18Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
12 Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.
13 Anplis, li va vin rive ke nan jou ke Lev 25:9gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.

27:1 És 51:9

27:2 Sòm 80:8

27:3 I Sam 2:9

27:4 És 33:12

27:5 És 12:2

27:6 És 4:2

27:7 És 10:12-17

27:8 Jr 4:11

27:9 Wo 11:27

27:10 És 17:2

27:11 Det 32:18

27:13 Lev 25:9