12
1 Epi nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske ✡ Sòm 30:5malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen e Ou fè m twouve rekonfò. 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen, mwen va ✡ És 26:3 fè Li konfyans e mwen pa pè; paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen e se Sila ki te vin sove mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va ✡ Jn 4:10rale dlo nan sous sali yo. 4 Epi nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, rele non Li. ✡ Sòm 145:4 Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo; fè yo sonje ke non Li egzalte. 5 ✡ Egz 15:1Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay; kite sa konnen sou tout latè. 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske ✡ És 1:24gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la.”