4
Pou sa, lè Luc 7:13Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean (men Jn 3:22-26Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l), li te kite Jn 3:22Judée epi te pati Jn 2:11ankò pou Galilée. Konsa, Li te oblije pase nan Luc 9:52Samarie.
Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre Jen 33:19moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.
Jésus te di l: “Ban M bwè”. Paske Jn 2:2disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Esd 4:3-11Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou Jr 2:13dlo vivan an.”
11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve Jr 2:13dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te Jn 4:6bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14  Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska Mat 25:46lavi etènèl.”
15 Fanm nan te di Li: “Mesye, Jn 6:35ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
17 Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’ 18  Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se Mat 21:11yon pwofèt. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan Det 11:29mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa Mal 1:11ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22  Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske És 2:3sali a sòti nan Jwif yo.
23  “Men Jn 4:21lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24  Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L Fil 3:3an espri e anverite.”
25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Dan 9:25Mesye, Mat 1:16(sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
26 Jésus te di li: Jn 8:24-28“Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
27 Nan moman sa a, Jn 4:8disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29 “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Mat 12:23Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
31 Antre tan, disip yo t ap di L: Mat 23:7“Rabbi, manje.”
32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
33 Pou sa Luc 6:13-16disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou Jn 5:36acheve travay Li a.
35  “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk Mat 9:37-38rekòlt la.
36  “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou Mat 9:29lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37  Paske nan sila a, pwovèb la vrè: Job 31:8‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
38  “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
39 Anpil nan Samariten ki sòti nan Jn 4:5-30vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj Jn 4:29“Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”. 40 Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42 Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Mat 1:21Sovè a mond lan.”
43 Apre Jn 4:40de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke Mat 13:57yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45 Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo Jn 2:23te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
46 Li te vini ankò nan vil Jn 2:1Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Lè Li te tande ke Jésus Jn 4:3-54te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè Dan 4:2sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50 Jésus te di li: Mat 8:13 “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi Trav 11:14tout lakay li ansanm avèk li.
54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te Jn 4:45kite Judée pou L antre nan Galilée.

4:1 Luc 7:13

4:2 Jn 3:22-26

4:3 Jn 3:22

4:3 Jn 2:11

4:4 Luc 9:52

4:5 Jen 33:19

4:8 Jn 2:2

4:9 Esd 4:3-11

4:10 Jr 2:13

4:11 Jr 2:13

4:12 Jn 4:6

4:14 Mat 25:46

4:15 Jn 6:35

4:19 Mat 21:11

4:20 Det 11:29

4:21 Mal 1:11

4:22 És 2:3

4:23 Jn 4:21

4:24 Fil 3:3

4:25 Dan 9:25

4:25 Mat 1:16

4:26 Jn 8:24-28

4:27 Jn 4:8

4:29 Mat 12:23

4:31 Mat 23:7

4:33 Luc 6:13-16

4:34 Jn 5:36

4:35 Mat 9:37-38

4:36 Mat 9:29

4:37 Job 31:8

4:39 Jn 4:5-30

4:39 Jn 4:29

4:42 Mat 1:21

4:43 Jn 4:40

4:44 Mat 13:57

4:45 Jn 2:23

4:46 Jn 2:1

4:47 Jn 4:3-54

4:48 Dan 4:2

4:50 Mat 8:13

4:53 Trav 11:14

4:54 Jn 4:45