2
Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Jn 2:11Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. Jésus ansanm ak Jn 1:40-49disip li yo te envite nan maryaj la.
Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Jn 7:6-8 Lè M poko rive.”
Mat 12:46Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou Mc 7:3koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
Lè chèf sèvitè a te goute dlo a Jn 4:46ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo Mat 24:49bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre Jn 1:14glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12 Aprè sa Li te desann bò kote Mat 4:13Capernaüm, Li ansanm avèk manman Mat 12:46Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13  Det 16:1-6Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14  Mal 3:1Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann Mat 21:12toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17  Jn 2:2Disip Li yo te sonje ke li te ekri Sòm 69:9“Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: Mat 12:38“Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19 Jésus te reponn yo: Mat 24:49“Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20 Jwif yo te reponn: “Li te pran Esd 5:16karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21 Men Li t ap pale sou I Kor 6:19tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Sòm 16:10Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Jn 2:13Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Trav 1:24Li te konnen tout moun. 25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, Mat 9:4paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

2:1 Jn 2:11

2:2 Jn 1:40-49

2:4 Jn 7:6-8

2:5 Mat 12:46

2:6 Mc 7:3

2:9 Jn 4:46

2:10 Mat 24:49

2:11 Jn 1:14

2:12 Mat 4:13

2:12 Mat 12:46

2:13 Det 16:1-6

2:14 Mal 3:1

2:16 Mat 21:12

2:17 Jn 2:2

2:17 Sòm 69:9

2:18 Mat 12:38

2:19 Mat 24:49

2:20 Esd 5:16

2:21 I Kor 6:19

2:22 Sòm 16:10

2:23 Jn 2:13

2:24 Trav 1:24

2:25 Mat 9:4