9
Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan Mat 4:13pwòp vil Li a. Mc 2:3-12Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a Mc 3:28-29ap blasfeme.”
Men Jésus te Mat 12:25konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? Kisa ki pi fasil pou di: Mat 9:2,6‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
Epi konsa, Li te leve ale lakay li. Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te Mat 5:16bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
Mc 2:14-22Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: Mat 11:19“Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa Mc 2:17sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13  Men ale konprann kisa sa vle di: Os 6:6‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14 Aprè sa, disip a Jean yo Luc 18:12te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16  Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17  Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
18  Mc 5:22-43Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche Nonb 15:38rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab Mat 14:36touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, Mat 9:29fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè II Kwo 35:25moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a Jn 11:13pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”
Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men Trav 9:40lè foul la te soti deyò, Li te antre, Mc 9:27pran men li, e fi a te vin leve. 26  Mat 4:24Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Mat 1:1Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”
Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt Mat 8:13selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus Mat 8:4te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e Mat 4:24te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li Mat 12:22,24yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: Mc 2:12“Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 Men Farizyen yo t ap di: Mat 12:24“Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap Mat 4:23enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, Nonb 27:17paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: Luc 10:2“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38  Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

9:1 Mat 4:13

9:2 Mc 2:3-12

9:3 Mc 3:28-29

9:4 Mat 12:25

9:5 Mat 9:2,6

9:8 Mat 5:16

9:9 Mc 2:14-22

9:11 Mat 11:19

9:12 Mc 2:17

9:13 Os 6:6

9:14 Luc 18:12

9:18 Mc 5:22-43

9:20 Nonb 15:38

9:21 Mat 14:36

9:22 Mat 9:29

9:23 II Kwo 35:25

9:24 Jn 11:13

9:25 Trav 9:40

9:25 Mc 9:27

9:26 Mat 4:24

9:27 Mat 1:1

9:29 Mat 8:13

9:30 Mat 8:4

9:31 Mat 4:24

9:32 Mat 12:22,24

9:33 Mc 2:12

9:34 Mat 12:24

9:35 Mat 4:23

9:36 Nonb 27:17

9:37 Luc 10:2