14
Mc 6:14-29Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus. Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: Mat 16:14“Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.” Paske lè Mc 8:15Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe. Paske Jean t ap di li ke Lev 18:16li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm. Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon Mat 11:9yon pwofèt. Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Mc 8:15Hérode te trè kontan. Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l. 12 Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus. 13  Mat 15:32-38Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te Mat 4:23geri malad yo.
15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman Mat 16:9senk pen ak de grenn pwason.”
18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!” 19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te I Sam 9:13beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la. 20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz Mat 16:9panyen byen plen. 21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
22  Mc 6:45-51Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23 Apre li te voye foul la ale, Mc 6:46Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen Trav 27:4move. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon Luc 24:37fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: Mat 9:2“Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Mat 4:3Fis Bondye a!”
34  Jn 6:24,25Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth. 35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te Mat 9:21touche L yo te geri nèt.

14:1 Mc 6:14-29

14:2 Mat 16:14

14:3 Mc 8:15

14:4 Lev 18:16

14:5 Mat 11:9

14:6 Mc 8:15

14:13 Mat 15:32-38

14:14 Mat 4:23

14:17 Mat 16:9

14:19 I Sam 9:13

14:20 Mat 16:9

14:22 Mc 6:45-51

14:23 Mc 6:46

14:24 Trav 27:4

14:26 Luc 24:37

14:27 Mat 9:2

14:33 Mat 4:3

14:34 Jn 6:24,25

14:36 Mat 9:21