9
Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj. Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. I Sam 10:23Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.” Li te pase nan Jos 24:33peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
Lè yo te rive nan peyi I Sam 1:1Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. És 3:19Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e II Wa 8:8-9nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va I Sam 9:5pale nou chemen nou an.” (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
10 Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a. 11 Pandan yo te monte pant vè vil la, Jen 24:11-15yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Nonb 28:11-15 Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a. 13 Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz Luc 9:16li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
14 Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
15 Alò, yon jou avan Saül te vini, I Sam 15:1Senyè a te montre sa a Samuel e te di: 16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Egz 3:7-9Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: I Sam 16:12“Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
18 Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
19 Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou. 20 Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se I Sam 8:5kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
21 Saül te reponn: I Sam 15:17“Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
22 Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye. 23 Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.” 24 Alò chèf kwizin nan te Egz 29:22pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’ ” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
25 Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül Luc 5:19anwo twati a. 26 Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari. 27 Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”

9:2 I Sam 10:23

9:4 Jos 24:33

9:5 I Sam 1:1

9:6 És 3:19

9:7 II Wa 8:8-9

9:8 I Sam 9:5

9:11 Jen 24:11-15

9:12 Nonb 28:11-15

9:13 Luc 9:16

9:15 I Sam 15:1

9:16 Egz 3:7-9

9:17 I Sam 16:12

9:20 I Sam 8:5

9:21 I Sam 15:17

9:24 Egz 29:22

9:25 Luc 5:19