I SAMUEL
1
Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan Jos 17:17-18peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te I Kwo 6:22-38Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. Li te gen Det 21:15-17de madanm: youn te rele Luc 2:36Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane Egz 23:14pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Jos 18:1Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li Det 12:17-18ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; Jen 16:1men SENYÈ a te fèmen vant li. Men lòt madanm nan avèk kè anmè Job 24:21te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt I Sam 3:3 tanp SENYÈ a. 10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, Jen 24:42-45li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: Trav 2:4-13“Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen Sòm 42:4t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”
17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab Sòm 20:3-5ba ou sa ou mande L la.”
18 Anne te reponn: Jen 33:15“Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.
19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan I Sam 1:1Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.
20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Egz 2:10-22Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”
21 Nom nan, Elkana Det 12:11te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a. 22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l I Sam 1:28rete la nèt.”
23  Nonb 30:7-11Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”
Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. 24 Alò, lè li te fin sevre Nonb 15:9-10 li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti. 25 Konsa, Lev 1:5yo te touye towo a e te Luc 2:22mennen gason an bay Éli. 26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. 27 Se I Sam 1:11-13pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. 28  I Sam 1:11-22Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Jen 24:26-52Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.

1:1 Jos 17:17-18

1:1 I Kwo 6:22-38

1:2 Det 21:15-17

1:2 Luc 2:36

1:3 Egz 23:14

1:3 Jos 18:1

1:4 Det 12:17-18

1:5 Jen 16:1

1:6 Job 24:21

1:9 I Sam 3:3

1:13 Jen 24:42-45

1:14 Trav 2:4-13

1:15 Sòm 42:4

1:17 Sòm 20:3-5

1:18 Jen 33:15

1:19 I Sam 1:1

1:20 Egz 2:10-22

1:21 Det 12:11

1:22 I Sam 1:28

1:23 Nonb 30:7-11

1:24 Nonb 15:9-10

1:25 Lev 1:5

1:25 Luc 2:22

1:27 I Sam 1:11-13

1:28 I Sam 1:11-22

1:28 Jen 24:26-52