17
Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Jos 17:8Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè. Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo. Men Nonb 26:33 Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa. Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, Nonb 27:5-7 selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo. Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an, akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi Jos 13:30-31tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo. Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo. Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Jos 16:8Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo. Jos 16:8Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè. 10 Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès. 11 Nan Issacar ak nan Aser, I Kwo 7:29 Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth. 12  Jij 1:27Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.
13 Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, Jos 16:10yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt. 14 Alò, Nonb 13:7fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”
15 Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”
16 Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen Jos 17:18cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”
17 Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò, 18 men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen Jos 17:16cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”

17:1 Jos 17:8

17:3 Nonb 26:33

17:4 Nonb 27:5-7

17:6 Jos 13:30-31

17:8 Jos 16:8

17:9 Jos 16:8

17:11 I Kwo 7:29

17:12 Jij 1:27

17:13 Jos 16:10

17:14 Nonb 13:7

17:16 Jos 17:18

17:18 Jos 17:16