13
Konsa, Det 1:22-23 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: Det 1:22 Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a; pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a; pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la; pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a; 10 pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; 11 pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a; 12 pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a; 13 pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la; 14 pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a; 15 pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
16 Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Nonb 13:8 Hosée, fis a Nun nan, Josué. 17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan Jen 12:9 negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo. 18 Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun. 19 Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? 20 Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
21 Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan. 22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.) 23 Yo te rive nan vale Nonb 13:24 Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans. 24 Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo. 25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. 26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Nonb 20:1-14 Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. 27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e Det 1:25 sa a se fwi li.
28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè Nonb 13:33 desandan Anak yo la. 29 Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Jos 10:6 Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Nonb 14:43-45 Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: Det 1:28 “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” 32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se Éz 36:13-14 yon peyi ki devore moun li ye, e Am 2:9tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. 33 La, osi, nou te wè Jen 6:4 jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”

13:1 Det 1:22-23

13:2 Det 1:22

13:16 Nonb 13:8

13:17 Jen 12:9

13:23 Nonb 13:24

13:26 Nonb 20:1-14

13:27 Det 1:25

13:28 Nonb 13:33

13:29 Jos 10:6

13:29 Nonb 14:43-45

13:31 Det 1:28

13:32 Éz 36:13-14

13:32 Am 2:9

13:33 Jen 6:4