10
Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo, Jos 8:21; Jos 9:15 ke li te vin Egz 15:14-16pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.
Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye Jos 10:23Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di: “Vin monte kote mwen pou ede m. Annou atake Gabaon, paske yo te Jos 9:15fè lapè avèk Josué e avèk fis Israël yo.”
Konsa, senk wa Nonb 13:29Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.
Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”
Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak Jos 8:1tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo.
SENYÈ a te di a Josué: Jos 1:5-9“Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”
Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal. 10  Det 7:23Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
11 Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, Sòm 18:12SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.
12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O Hab 3:11solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè. II Sam 1:18; És 38:8 14  Egz 14:14Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.
15 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te retounen nan kan an Guilgal. 16 Men Jos 10:5senk wa sila yo te sove ale pou te kache kò yo nan gwòt Makkéda a. 17 Li te pale a Jousé ke: “Senk wa yo te twouve kache nan gwòt Makkéda a.” 18 Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l, 19 men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.”
20 Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, Det 20:16jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo, 21 pou tout pèp la te retounen nan kan an kote Josué nan Makkéda anpè. Pèsòn pa t pale yon mo kont fis Israël yo.
22 Epi Jousé te di: “Ouvri bouch gwòt la e mennen senk wa sa yo sòti nan gwòt la.” 23 Se konsa yo te fè, yo te Det 7:24mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an. 24 Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin Mal 4:3mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.
25 Epi Josué te di yo: Jos 10:8“Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.” 26 Epi answit, Josué te frape yo e te mete yo a lanmò, epi te Jos 8:29pann yo sou senk pyebwa. Yo te pann sou bwa yo jis rive nan aswè.
27 Li te rive nan lè solèy kouche ke Josué te bay yon kòmand pou Det 21:22-23yo te desann yo nan pyebwa yo, e jete yo nan gwòt kote yo te kache kò yo a. Yo te mete gwo wòch sou bouch gwòt la, ki la jis jodi a.
28 Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Det 20:16Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, Jos 6:21jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.
29 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a 15:42Libna pou te goumen kont Libna. 30 SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.
31 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti nan Libna a Lakis. Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li. 32 SENYÈ a te bay Lakis nan men Israël. Li te kaptire li nan dezyèm jou a. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe, jis jan ke li te fè a Libna a.
33 Alò Horam, wa Jos 16:3-10Guézer a, te monte pou ede Lakis. Jousé te bat li ak pèp li a jiskaske li pa t kite moun vivan.
34 Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li. 35 Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la.
36 Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Nonb 13:22Hébron, epi yo te goumen kont li. 37 Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann.
38 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te retounen a Jos 15:15Debir pou yo te goumen kont li. 39 Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a.
40 Konsa, Josué te frape tout peyi a, Det 1:7peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak Det 7:24tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a. 41 Josué te frape yo soti Kadès-Barnéa, jis rive Gaza. 42 Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz Det 1:7SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.
43 Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la.

10:1 Jos 8:21; Jos 9:15

10:2 Egz 15:14-16

10:3 Jos 10:23

10:4 Jos 9:15

10:5 Nonb 13:29

10:7 Jos 8:1

10:8 Jos 1:5-9

10:10 Det 7:23

10:11 Sòm 18:12

10:12 Hab 3:11

10:13 II Sam 1:18; És 38:8

10:14 Egz 14:14

10:16 Jos 10:5

10:20 Det 20:16

10:23 Det 7:24

10:24 Mal 4:3

10:25 Jos 10:8

10:26 Jos 8:29

10:27 Det 21:22-23

10:28 Det 20:16

10:28 Jos 6:21

10:29 15:42

10:33 Jos 16:3-10

10:36 Nonb 13:22

10:38 Jos 15:15

10:40 Det 1:7

10:40 Det 7:24

10:42 Det 1:7