II SAMUEL
1
Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan I Sam 30:1-26masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag. Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. I Sam 4:12Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, I Sam 25:23li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?”
Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.”
David te di li: I Sam 4:16“Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.”
Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li. Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’. Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: I Sam 15:3 ‘Mwen se yon Amalekit’. Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ 10 Konsa, mwen te kanpe akote li Jij 9:54pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
11 Alò, II Kwo 34:27David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè. 12 Yo te fè dèy e te kriye II Sam 3:35fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?”
Epi li te reponn: II Sam 1:8“Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.”
14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?” 15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” II Sam 4:10-12Konsa, li te frape li e li te mouri. 16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske II Sam 1:10bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’ ”
17 Alò, David te II Kwo 35:25chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan. 18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan Jos 10:13liv a Jaschar a.
19  II Sam 1:25-27“Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo!
O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!
20  I Sam 31:8-13 Pa pale sa nan Gath,
ni pwoklame sa nan lari Askalon yo,
sof fi Filisten yo ta rejwi;
fi a ensikonsi yo ta egzalte,
21  I Sam 31:1 O mòn a Guilboa yo,
pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou,
ni sou chanm ofrann yo;
paske pwisan yo te tonbe,
paske la, boukliye pwisan an te vin sal.
Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an.
22 Soti nan san a sila ki te mouri yo,
soti nan grès a pwisan yo,
I Sam 18:4banza a Jonathan an pa t fè bak,
ni nepe a Saül la pa t retounen vid.
23 Saül avèk Jonathan,
byen emab e byeneme pandan vi pa yo,
epi nan mò yo, yo pa t vin separe.
Yo te pi rapid ke èg yo.
Yo te pi pwisan pase lyon yo.
24 O fi Israël yo, kriye pou Saül,
ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj,
ki te mete òneman an lò sou vètman nou.
25 Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la!
Jonathan vin touye sou wo plas nou yo.
26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan.
Ou te konn fè m byen kontan.
I Sam 18:1-4 Lanmou ou te yon bèl bagay.
Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
27 Kijan pwisan yo te tonbe
e És 13:5zam lagè yo te vin peri!”

1:1 I Sam 30:1-26

1:2 I Sam 4:12

1:2 I Sam 25:23

1:4 I Sam 4:16

1:8 I Sam 15:3

1:10 Jij 9:54

1:11 II Kwo 34:27

1:12 II Sam 3:35

1:13 II Sam 1:8

1:15 II Sam 4:10-12

1:16 II Sam 1:10

1:17 II Kwo 35:25

1:18 Jos 10:13

1:19 II Sam 1:25-27

1:20 I Sam 31:8-13

1:21 I Sam 31:1

1:22 I Sam 18:4

1:26 I Sam 18:1-4

1:27 És 13:5