3
Alò, I Wa 14:30te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb. I Kwo 3:1-3Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la; epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis I Sam 27:8Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur; epi katriyèm nan, I Wa 1:5Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la; epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David.
Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke II Sam 2:8-9Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül. Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele II Sam 21:8-11Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”
Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: I Sam 24:14“Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan. I Wa 19:2Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li, 10  I Sam 15:28 pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.”
11 Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li.
12 Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”
13 Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen I Sam 18:20premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.” 14 Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse I Sam 18:25-27pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.”
15 Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la. 16 Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive II Sam 16:5Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.
17 Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk I Sam 8:4ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou. 18 Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’ ”
19 Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a I Sam 10:20-21tout lakay Benjamin an. 20 Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo. 21 Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale I Sam 3:10-12rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.
22 Epi vwala, I Sam 27:8sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè. 23 Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.”
24 Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja? 25 Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.”
26 Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen. 27 Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, II Sam 2:23li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a. 28 Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a. 29  Det 21:6-9Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.” 30 Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner II Sam 2:23akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
31 Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: Jen 37:34“Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. 32 Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote Job 31:28-29tonm Abner a, e tout moun te kriye. 33  II Sam 1:17 Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? 34 Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.”
Epi tout moun te kriye ankò sou li. 35 Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay II Sam 1:12avan solèy la vin kouche.”
36 Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi. 37 Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò. 38 Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël? 39 Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, II Sam 19:5-7fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! I Wa 2:32-34Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”

3:1 I Wa 14:30

3:2 I Kwo 3:1-3

3:3 I Sam 27:8

3:4 I Wa 1:5

3:6 II Sam 2:8-9

3:7 II Sam 21:8-11

3:8 I Sam 24:14

3:9 I Wa 19:2

3:10 I Sam 15:28

3:13 I Sam 18:20

3:14 I Sam 18:25-27

3:16 II Sam 16:5

3:17 I Sam 8:4

3:19 I Sam 10:20-21

3:21 I Sam 3:10-12

3:22 I Sam 27:8

3:27 II Sam 2:23

3:29 Det 21:6-9

3:30 II Sam 2:23

3:31 Jen 37:34

3:32 Job 31:28-29

3:33 II Sam 1:17

3:35 II Sam 1:12

3:39 II Sam 19:5-7

3:39 I Wa 2:32-34