24
Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, I Sam 23:19yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” Alò, I Sam 26:2Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò Sòm 57David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, I Sam 26:8-11Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’ ”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. Li te vin rive apre ke II Sam 24:10konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. Epi li te di a mesye pa li yo: “Se I Sam 26:11lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”
Epi lè Saül te gade dèyè li. I Sam 25:23-24David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’? 10  Sòm 7:3-4Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’ 11 Koulye a, I Sam 6:4-5papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. 12  Jen 16:5Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou. 13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: Mat 7:16-20‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. 14 Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? II Sam 9:8Yon chen mouri oubyen yon grenn pis? 15 Pou sa, I Sam 24:12SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: I Sam 26:17“Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. 17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. 18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke I Sam 26:23SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. 19 Paske si yon nonm I Sam 26:23jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. 20 Alò, gade byen, I Sam 23:17mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke I Sam 13:14wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. 21 Pou sa, I Sam 20:14-17sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan I Sam 23:29fò a.

24:1 I Sam 23:19

24:2 I Sam 26:2

24:3 Sòm 57

24:4 I Sam 26:8-11

24:5 II Sam 24:10

24:6 I Sam 26:11

24:8 I Sam 25:23-24

24:10 Sòm 7:3-4

24:11 I Sam 6:4-5

24:12 Jen 16:5

24:13 Mat 7:16-20

24:14 II Sam 9:8

24:15 I Sam 24:12

24:16 I Sam 26:17

24:18 I Sam 26:23

24:19 I Sam 26:23

24:20 I Sam 23:17

24:20 I Sam 13:14

24:21 I Sam 20:14-17

24:22 I Sam 23:29